


Chak ane, plis moun, kominote ak òganizasyon patisipe nan Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la. Nou espere resous ak modèl mesaj ki anba yo ap ede w gaye pawòl la nan rezo w yo.


10yèm Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la se madi 20 janvye! Nan jou sa a, moun ak kominote atravè peyi a ap reflechi sou chemen yo fè depi vwa kominote yo te enspire premye selebrasyon jounen an. Vizite DayOfRacialHealing.org pou aprann plis. #HowWeHeal (#KijanNouGeri)
Madi 20 janvye, vin selebre 10yèm Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la avèk nou. N ap onore valè nou pataje malgre diferans nou yo epi n ap aji pou konstwi yon mond ki pi jis ak pi ekitab paske chak timoun merite opòtinite pou pwospere. Vizite DayOfRacialHealing.org pou wè kijan ou ka patisipe. #HowWeHeal (#KijanNouGeri)
Depi 2017, Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la se yon espas kote moun imajine yon pi bon avni ansanm. Depi lè sa a, monn nan chanje. Men gerizon toujou enpòtan. Nou envite w vin bati koneksyon kote w ap viv, aprann ak travay. Jwenn resous, patisipe oswa pran tan pou apwofondi konpreyansyon w lè w vizite DayOfRacialHealing.org. #HowWeHeal (#KijanNouGeri)


Bonjou [insert name],
Madi 20 janvye 2026, yon jou apre Jounen Martin Luther King Jr., moun atravè Etazini ap reyini pou make 10yèm Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la.
Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la ofri yon moman inik pou moun, kominote ak òganizasyon konsantre sou valè nou pataje, bati konfyans epi kreye koneksyon otantik. Eksperyans sa a ankouraje nou onore imanite nou genyen an komen epi travay ansanm pou ranfòse sante ak byennèt tout timoun nan chak kominote.
Gerizon ka rive pou nenpòt moun, nan nenpòt espas… lakay, nan lekòl, nan travay, nan kominote lafwa oswa nan espas kiltirèl. Lè nou dirije ak kiryozite ak konpasyon, pale ouvètman epi koute byen, nou kreye espas kote tout moun santi yo fè pati.
Selebrasyon ane sa a ap prezante opòtinite enteresan pou moun konekte kòm endividi ak nan kominote atravè istwa, edikasyon ak ekspresyon kreyatif nan divès anviwònman tankou pak, bibliyotèk oswa kote adorasyon, ansanm ak eksperyans pataje nan tout peyi a nan televizyon ak sou entènèt.
Vizite dayofracialhealing.org pou jwenn enfòmasyon sou selebrasyon kominote yo epi telechaje resous pou òganize konvèsasyon oswa aktivite. Sit la ap ede w rete konekte ak tout aktivite ki gen rapò ak 10yèm selebrasyon an, tankou yon emisyon selebrasyon espesyal, seri odyo "How We Heal (Kijan Nou Geri)" la, ak yon konsantrasyon sou sineyis emerjan ki santre istwa gerizon..
Tanpri fè m konnen si w ta renmen pale plis sou opòtinite pou avanse gerizon rasyal ak ekite nan kominote nou an. Mwen entouzyasme pou Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal ane sa a epi mwen espere w ap patisipe avè m.
[Signature]

Copyright © 2023. All rights reserved.